Anpil moun konn ap poze tèt yo kesyon, ki kote koze fanm pa mete pantalon sa sòti? Poutan, pa gen okenn kote nan Bib la yo pale de fanm pa dwe mete pantalon.
<> Ann gade ansanm
Ki orijin pantalon?
Pantalon se yon abiman endoewopeyen. Li jwenn orijin li nan kontinan ewop la nan lane 3 500 avan Jezikri.
Premye pantalon pou fanm jwenn orijin li an Pès nan lane 539 avan Jezikri.
Nan peyi Lachin, se kavalye ki te konn itilize pantalon pou moute cheval.
Poukisa yo te vin kòmanse entèdi fanm mete pantalon?
Daprè rechèch nou fè, youn nan rezon ni jwenn, se pou yo te evite fanm yo al travay pou yo te ka rete nan kay, pran swen timoun ak fè travay menaj.
Kisa Labib di sou kesyon pantalon?
Daprè tout rechèch nou fè nan Bib la, nou pa jwenn okenn kote yo pale de pantalon. Sa vle di koze pantalon sa a pa ta dwe Biblik. Men pa bliye tou ke tout sa ki ekri nan bib la se yon seleksyon. Se pa tout bagay nou ap jwenn.
Ki kote yo sòti ak bagay sa menm?
Youn nan tèks yo itilize pou moutre koze fanm pa mete pantalon an biblik, se Detewonòm 22 vèsè 5. Epoutan, lè tèks sa yo te ekri a, koze pantalon sa potko egziste menm. Tout moun se te wòb yo te konn mete nan epòk sa. Sa vle di koche vèsè sa a pou moutre se de pantalon Moyiz t ap pale lè li t ap di abiman gason an, se pa vrèman yon verite.
Kòman pantalon an ka vin peche?
1- Si nan legliz ou pèsevere, yo entèdi fanm mete pantalon, la si w mete l ou peche paske w vyole prensip legliz la.
2- Si w mete pantalon an, tout fòm ou parèt ladan l, la ou peche paske w pral atire gason.
Nan Women 14 vèsè 13,apòt Pòl pral di kretyen women yo: Nou pa dwe fè anyen ki ka sèvi yon pyè dachopman pou lòt moun.Sa vle di, tout sa ki ka koz yon lòt moun peche, evite fè l.
Si mete pantalon an ka sèvi yon pyè dachopman pou lòt moun, pa mete l. Sof si w gen ijans.
Se pa sèlman pantalon ki ka peche. Gen de rad yon fanm mete, li tou di w men jezabèl.
An konklizyon m ap di tout fanm kretyèn: Mete pantalon paka fè w pa sove. Men si tout fwa li entèdi nan asanble w, pa fè tèt di, evite mete l.

Bon travay!
RépondreSupprimerMerci
SupprimerL'information est le café matin d'un intellectuel.Mon frère, vous pouvez persévérer jusqu'à la fin.
RépondreSupprimerMerci
SupprimerOu voye medam yo Al mété pantalon nèt
RépondreSupprimerMèsi anpil pastè Guerrier
RépondreSupprimer👏epi anpil religieu pa dakò le se yon Ayisyen ki mete li men le se yon Ameriken yo diw se kilti yo
RépondreSupprimerM ta renmen konnen si kilti pi wo ke Bib la?
Good job
RépondreSupprimerBon bagay
RépondreSupprimerGood job pasteur Saul
RépondreSupprimerGood job pasteur Saul
RépondreSupprimerBon travay Saul
RépondreSupprimerBon travay. Kenbe la pasteur
RépondreSupprimerBob travay frè m
RépondreSupprimer