Pou premye fwa, Legliz Katolik ouvri pòt li pou òdinasyon fanm kòm dyak.
Pou premye fwa, Legliz Katolik ouvri pòt li pou òdinasyon fanm kòm dyak.
Nouvèl sa a fè anpil pale nan mitan kretyen katolik yo ak sisite anpil reyaksyon.
Selon reyaksyon Evèk yo: "li ijan pou asire ke fanm yo ka patisipe nan pwosesis pou pran desizyon nan Legliz Katolik''. Dyak yo responsab pou ede prèt yo nan misyon yo.
Yon pi gwo plas pou fanm nan Legliz la?
Yon asanble Legliz Katolik ki gen ladann evèk ak layik, te louvri pòt Samdi 28 Oktòb la pou òdinasyon fanm yo antanke dyak, ki pral responsab pou ede prèt yo nan misyon yo. Sa se yon premye etap pou entegre fanm yo nan pwosesis pou pran desizyon nan Legliz la.
"Gen yon bezwen ijan pou asire ke fanm yo ka patisipe nan pwosesis pou pran desizyon epi asime wòl nan responsablite, nan swen pastoral ak ministè," daprè entèvansyon kèk evèk nan asanble sa a ki te fèt la.
Remak sa yo soti nan yon dokiman ki pibliye samdi 28 Oktòb 2023 a nan aswè apre yo te soumèt a yon vòt pa 365 manm, ki gen ladan Pap la, nan fen yon reyinyon mondyal nan lavil Wòm.
Rezilta sa a pou entegre fanm yo nan dyakona a, prèske pran yon mwa nan deba, dokiman konsiltatif sa a, chak paragraf yo te adopte pa yon majorite de tyè, prezante kòm yon "pwen pwogrè" devan yon dezyèm Asanble Jeneral ki pral fèt nan mwa Oktòb 2024 nan Vatikan an.
Anpil fanm te pale de "yon Legliz ki fè mal", presize dokiman an, ki regrèt ke "klerikalism, machism ak itilizasyon inapwopriye nan otorite kontinye make figi a nan Legliz la ak mal kominyon".
Tèks la rekòmande tou "rechèch tewolojik ak pastoral sou aksè fanm nan dyakona a", yon opsyon "akseptab pou kèk" ki kristalize divizyon pandan wòl dyak la rete, tankou prèt, rezève pou gason.
Kadinal Mario Grech, sekretè jeneral Sinod la, nan yon konferans pou laprès, estime ke Legliz la "dwe kreye espas pou tout moun" .
Poligami, òdinasyon, gason marye, batay kont vyolans: prèske yon mwa, manm ki soti nan tout kontinan te asiste ak anviwon yon santèn ekspè, deba nan gwoup ak dèyè pòt fèmen sou avni Legliz katolik la.
Pou premyè fwa, 54 fanm avèk kèk layik te jwenn dwa pou yo vote menm jan ak evèk epi kadinal yo. Se sa pap François te vle.
Premye sesyon plenyè sa a pral te fini dimanch maten 29 Oktòb la ak yon mès ki te prezide pa Pap ajanten an nan Bazilik Sen Pyè.


Laissez-nous un commentaire afin de nous encourager dans ce travail d'or.