
Anpil paran, se nan bat dlo pou fè bè yo edike timoun yo, sa ki rete grangou, sa ki pa sispann kwoke sou tèt kamyon, sa ki pa sispann kouri anba katouch tout jounen pou chache lavi, fòw ta gen kè di pou sa pa ta touche w. Malgre rèl yo chak jou, nad marinad.
Lanmou paran Ayisyen pou pitit yo pa gen pri. Yon peyi ki chache ensekirite, moun paka manje, pa gen travay, sèl lanmou ki ka ede yon manman ak yon papa gen kè sansib pou pitit li.
Nan peyi serye, avni timoun pa sèlman sou kont paran, men nan peyi dayiti, se paran ki A ak Z .
Kote leta? Absan
Kote òganizasyon dwa moun yo? Absan
Kote enstans ki ankadre fanmi yo? Absan
Kote òganizasyon ki travay ak timoun yo?
Y ap fè lajan
Kilè, ki jou sa va chanje?
Pou paran jwenn soulajman, pou timoun aprann san kè sote, pou fanmi yo jwenn ankadreman, pou ensanse sispann dirije, pou sekirite ak lajistis blayi tout kote?
Ann bay paran yo lanmou pou sakrifis yo fè pou bay timoun yo moso ledikasyon.


Laissez-nous un commentaire afin de nous encourager dans ce travail d'or.