Yon ti bat bouch sou refòm pwotestan
31 Oktòb 1517, 31 Oktòb 2023, 506ièm anivèsè refòm pwotestan.
Kisa refòm pwotestan an ye?
Se yon boulvèsman relijye , sosyal ak kiltirèl ki te pase nan kontinan ewopeyen an nan lane 1517, ki ta pral bay nesans ak yon pakèt legliz pwotestan e ki ta pral rejte otorite legliz katolik.
Kisa ki te deklannche mouvman sa a?
Nan lane 1515, pap Leon X te renouvle kòmès endiljans lan ke Jules II te pibliye nan lide pou te jwenn lajan pou rekonstwi bazilik sen Pyè a Rome. Se youn nan pi gwo legliz katolik ki egziste.
Martin Luther yon mwàn katolik ki te estime ke kòmès endiljans lan se yon krim, ta pral afiche 95 tèz nan pòt legliz Wittenberg 31 Oktòb 1517, nan lide pou denonse pratik endiljans lan.
Pou Luther, se sèl pa lafwa yon moun ka sove, men se pa zèv ou jan legliz katolik te fè kwè l la.
Kisa endiljans lan te ye?
Se te yon sètifika(remission totale devant Dieu) yo te konn fè kretyen katolik yo achte, yo te fè yo kwè depi w achte sètifika sa, peche w yo padone e kantite tan ou ta dwe fè nan pigatwa a diminye. Te gen endiljans pou tout tip moun(malere, boujwa). Pa bliye, menm si yon moun te mouri deja, ou te gen posibilite pou achte endiljans la pou li.
Visitez la page de Youth Ministry
Ki enpak refòm lan ta pral fè?
• Premyeman, refòm lan ta pral fè yo eskominye Luther nan legliz katolik.
• Dezyèman, refòm lan ta pral fè yon pakèt kretyen vire do bay legliz katolik
• Twazyèman, refòm lan ta pral fè tout kretyen gen aksè ak labib, e sa ta pral fè yo kòmanse tradwi bib la nan lang: franse, angle etsetera...
• katriyèman, refòm lan ta pral bay nesans ak yon pakèt legliz tankou: legliz batis, legliz anabatis, legliz pannkotis, katolik anglikàn, ak yon pakèt lòt ankò.
Kèk moun ki te kòmanse refòm lan
Se pa sèlman Martin Luther ki te deklannche mouvman sa. Malgre se non l ki plis fè eko. Avan Luther, te genyen kèk filozòf ak tewolojyen ki te kòmanse refòm lan tankou: Pierre Valdo, John Wyclif, Jean Hus, Jérôme de Prague ak kèk lòt ankò. Aprè, te gen Jean Calvin ki ta pral antre nan mouvman an, ki ta pral vini ak doktin calvinisme lan.
Nan lyen anba, w ap jwenn non filozòf ak tewolojyen ki te kòmanse refòm lan. Klike sou li.
👇
https://museeprotestant.org/notice/pierre-valdo-1140-1217-et-les-vaudois/?parc=43053
Kòman kretyen yo ta dwe wè refòm lan jodi a?
Jodi a, refòm lan ta dwe yon moman inite, lanmou, pataj ak respè youn pou lòt. Yon moman kote tout kretyen ta dwe mete tèt ansanm pou pote soutyen bay sa ki nan bezwen yo.
Yon moman kote tout kretyen ta dwe leve kanpe pou goumen kont krim ak vyolans k ap fèt nan sosyete a.



Laissez-nous un commentaire afin de nous encourager dans ce travail d'or.