Depi plizyè ane, Vil Pòtoprens(kapital Ayiti) tounen depo fatra. Tout lari bouche, mouch tounen machann, kadav tounen manje kochon anba lavil, fatra tounen kòmès pèpè soupay.
Anba lavil ki te pi gwo sant kòmèsyal peyi a tounen simityè tèlman nèg ak zam keyi kretyen vivan tankou mango mi. Fòw ta di tout otorite peyi a se mò vivan, yo pa tande yo pa wè.
Gouvènman sou gouvènman, anba pa monte, anwo pa desann, nan mitan kanpe rèd. Politisyen ayisyen fin kase bra tout ti malere nan mal gouvène. Yo vann tout enstitisyon leta pou yo ka manje pen ak al sere lajan kay tonton sam.
Nan kapital peyi a, se fatra ki fè dekorasyon tout kote. Se fatra ki tounen adrès, ou pa ta di leta itilize fatra menm kòm mwayen afichaj.
Jodi a, nan tout rankwen, bandi tounen anplwaye leta nan takse moun ak machin pou pote bay mèt yo. Yo sikile jan yo vle, fòw ta di yo legal pase lapolis.
Kilè Ayiti ap retounen bèl? Kilè pèp ayisyen ap sispann mache sou fatra? Kilè n ap sispann konte kadav? Kilè Ayiti va repran eskanp figi l?
Saul Guerrier


Monchè, peyi sa se fatra k ap dirije l.
RépondreSupprimerMwen pa konn ki kote nèg yo vle mennen peyi sa a.
RépondreSupprimerPwoblèm
Supprimer